Heights and Hills ankouraje yon vyeyisman ki reyisi nan Brooklyn. Pwogram ak sèvis nou yo santre sou bezwen fondamantal granmoun aje yo pandan y ap vyeyi pou amelyore sante, satisfaksyon, ak lonjevite: sekirite finansye ak alimantè; aksè a swen sante; yon kote ki an sekirite, abòdab, ak konfòtab pou viv; kapasite pou akonpli travay debaz lavi yo; ak sipò sosyal pou anpeche izolasyon.